2 Chronicles 6:19
Seyè, Bondye m', tanpri, se sèvitè ou mwen ye! Tanpri, tande jan m'ap lapriyè nan pye ou. Koute jan m'ap rele nan zòrèy ou jòdi a. Tande jan m'ap rele, jan m'ap lapriyè nan pye ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 8:28Seyè, Bondye m', tanpri, se sèvitè ou mwen ye. Tanpri, tande jan m'ap lapriyè ou. Koute jan m'ap rele nan pye ou jòdi a.
Psalms 5:1(05:1) Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman yo rele fif pou yo jwe mizik la. Se yon sòm David. (05:2) Koute sa m'ap di ou, Seyè! Tande jan m'ap plenn!
Psalms 74:20Chonje kontra ou te siyen avèk yo a! Paske, nan tout ti kwen peyi a, nan tout mòn yo se ansasen.
Daniel 9:17O Bondye papa nou! Tanpri, tande lapriyè sèvitè ou la ap fè nan pye ou. M'ap mande ou, tanpri souple, voye je ou sou tanp ou a ki fin kraze, pou tout moun ka konnen se Bondye ou ye.
John 17:20Se pa pou yo sèlman m'ap lapriyè, men pou tout moun ki va mete konfyans yo nan mwen lè y'a tande mesaj la.