2 Chronicles 6:29
koute lapriyè y'ap fè nan pye ou. Lè nenpòt moun osinon tout pèp la va lapriyè nan pye ou, lè y'a règrèt sa yo fè a, lè y'a leve men yo nan direksyon tanp lan pou yo lapriyè ou,
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Chronicles 20:9nenpòt malè ki ta ka tonbe sou yo pou pini yo: te mèt lagè, te mèt chatiman, te mèt move maladi osinon grangou, y'ap vin kanpe devan ou, devan Tanp sa a, paske se nan Tanp sa a ou ye. Nan tout mizè yo, y'a lapriyè nan pye ou. W'a tande yo, w'a delivre yo.
Psalms 32:5Lè sa a, mwen rekonèt peche m' yo devan ou, mwen pa t' kache ou sa m' te fè ki mal. Mwen di: M'ap rakonte Seyè a tout bagay. Apre sa, ou te padonnen tout peche m' yo.
Psalms 50:15Lè ou nan tray, rele m', m'a delivre ou. W'a fè lwanj mwen.
Psalms 142:1(0142:1) Chante David te chante lè li te kache nan gwo twou wòch la. Se yon lapriyè. (0142:2) M'ap louvri bouch mwen, m'ap rele Seyè a. M'ap louvri bouch mwen, m'ap kriye nan pye Seyè a.
Isaiah 1:15Lè n'ap leve bra nou anlè pou nou lapriyè nan pye m', m'ap bouche je m' pou m' pa wè nou. Nou mèt fè lapriyè sou lapriyè, mwen p'ap tande nou! Men nou plen san!