Isaiah 1:15
Lè n'ap leve bra nou anlè pou nou lapriyè nan pye m', m'ap bouche je m' pou m' pa wè nou. Nou mèt fè lapriyè sou lapriyè, mwen p'ap tande nou! Men nou plen san!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 8:22Apre sa, Salomon al kanpe devan lotèl Seyè a, devan tout pèp Izrayèl la, li leve de men l' anlè, li lapriyè Bondye,
Ezra 9:5Lè lè a rive pou yo fè ofrann chak aswè a, mwen leve kote m' te koupi ap kriye a, epi ak tout rad chire yo sou mwen, mwen tonbe ajenou, mwen louvri de bra m' devan Seyè a, Bondye mwen an.
Job 27:20Malè tonbe sou li tankou lavalas k'ap desann. Yon sèl nwit lan, yon gwo van pote l' ale.
Psalms 66:18Si mwen te gen move lide nan tèt mwen, Seyè a pa ta koute sa m' t'ap di l' la.
Proverbs 1:28le sa a, n'a rele m', mwen menm yo rele sajès, men mwen p'ap reponn nou. N'a mache chache m' toupatou, men nou p'ap jwenn mwen.
Isaiah 8:17Seyè a vire do l' bay moun fanmi Jakòb yo. Men, mwen menm m'ap konte sou li, m'ap mete tout espwa m' nan li.