2 Chronicles 7:7
Menm jou sa a, Salomon mete mitan gwo lakou ki devan Tanp Seyè a apa pou Bondye. Lèfini, se la li ofri bèt pou boule nèt pou Seyè a, ak grès bèt yo te touye pou mande Bondye padon, paske lotèl kwiv Salomon te fè fè a te twò piti pou pran tout ofrann bèt yo te touye pou boule nèt pou Seyè a, grenn jaden yo ak grès bèt yo te touye pou mande Bondye padon.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 8:64Menm jou a, li mete mitan gwo lakou ki devan Tanp Seyè a apa pou Bondye. Lèfini, se la li ofri bèt pou boule nèt pou Seyè a, grenn jaden ak grès bèt yo te touye pou mande Bondye padon, paske lotèl kwiv ki devan Tanp lan te twò piti pou pran tout ofrann sa yo.
2 Chronicles 36:14Ata lòt chèf peyi Jida yo, prèt yo ansanm ak tout pèp la te lage kò yo nan sèvi yon bann vye zidòl, tankou tout lòt nasyon yo te konn fè. Yo derespekte Tanp Seyè a te mete apa pou li menm lavil Jerizalèm.