The Bible Software
bible.software › 2 Chronicles › 2 Chronicles 7 › 2 Chronicles 7:8

2 Chronicles 7:8

Lè sa a, Salomon ansanm ak tout pèp Izrayèl la fete fèt Joupa yo pandan sèt jou. Foul moun te soti depi Pas Amat la nan nò jouk sou fwontyè ak peyi Lejip la nan sid, yo vin fete la.

Bib La

In The King James Version

Also at the same time Solomon kept the feast seven days, and all Israel with him, a very great congregation, from the entering in of Hamath unto the river of Egypt.

In Context

7Menm jou sa a, Salomon mete mitan gwo lakou ki devan Tanp Seyè a apa pou Bondye. Lèfini, se la li ofri bèt pou boule nèt pou Seyè a, ak grès bèt yo te touye pou mande Bondye padon, paske lotèl kwiv Salomon te fè fè a te twò piti pou pran tout ofrann bèt yo te touye pou boule nèt pou Seyè a, grenn jaden yo ak grès bèt yo te touye pou mande Bondye padon.

9Yo pase sèt jou ap fè sèvis pou mete lotèl la apa pou sèvis Bondye, lèfini yo pase sèt jou ankò ap fè fèt. Sou wityèm jou fèt la, yo fè yon gwo sèvis pou fèmen seremoni an.

Read all of 2 Chronicles 7

Cross References

Genesis 15:18Se jou sa a Seyè a te pase kontra avèk Abram. Li di l' konsa M'ap bay pitit pitit ou yo tout peyi sa a, depi larivyè Lejip, rive jouk larivyè Lefrat la.

Numbers 29:12Kenzyèm jou setyèm mwa a, n'a reyini tout moun pou yo vin adore Bondye. Jou sa a, pesonn p'ap gen dwa fè okenn gwo travay. N'a fè yon fèt pou Seyè a pandan sèt jou.

Deuteronomy 16:13Lè n'a fin moulen grenn jaden nou yo, lè n'a fin kraze rezen nou yo, n'a fè fèt Joupa yo pandan sèt jou.

1 Kings 4:21Salomon te rive gouvènen tout nasyon nan zòn ki pran depi larivyè Lefrat rive nan peyi Filisti a ak fwontyè Lejip la. Yo tout te peye Salomon taks, yo tout te soumèt devan li pandan tout rèy li jouk li mouri.

1 Kings 8:65Lè sa a, Salomon ansanm ak tout pèp Izrayèl la fete Fèt Joupa yo pandan sèt jou. Foul moun te soti depi Pas Amat la nan nò jouk sou fwontyè ak peyi Lejip la nan sid, yo vin fete fèt la pandan sèt jou. Lèfini, yo fete pandan sèt jou ankò. Sa te fè antou katòz jou.

2 Chronicles 30:13Se konsa, yon pakèt moun sanble lavil Jerizalèm nan dezyèm mwa a, pou yo fete fèt Pen san ledven yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 2 Chronicles 7:8

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 2 Chronicles 7:72 Chronicles 72 Chronicles 7:9 →