2 Chronicles 8:13
Li ofri bèt pou yo boule nèt pou Seyè a, dapre lòd Moyiz te bay nan lalwa a pou chak jou fèt: pou jou repo yo, pou jou lalin nouvèl yo, ak pou twa gwo fèt yo fete chak lanne yo, ki vle di: Fèt Pen san ledven yo, Fèt Rekòt yo ak Fèt Joupa yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
12Salomon te ofri bèt pou yo boule nèt pou Bondye sou lotèl li te fè bati pou Seyè a devan Tanp lan.
Cross References
Exodus 29:38Men sa ou gen pou ofri sou lòtèl la: Chak jou, san sote yon jou, w'a ofri de ti mouton ki poko gen ennan bay Bondye.
Numbers 28:1Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
1 Kings 9:25Twa fwa chak lanne, Salomon te ofri bèt pou yo boule nèt pou Bondye ak ofrann pou di Bondye mèsi sou lotèl li te bati pou Seyè a, epi li fè boule lansan sou lotèl ki devan Seyè a. Se konsa, li te fè Tanp lan sèvi pou sa yo te bati l' la.
Ezekiel 45:17Se devwa wa a pou li bay bèt pou yo boule nèt, grenn jaden, ak diven pou yo ofri pou tout pèp Izrayèl la pou fèt lalin nouvèl yo, pou jou repo m' yo ak pou tout lòt fèt yo. Se li ki pou bay ofrann pou mande Bondye padon, ofrann grenn jaden, ofrann pou yo boule nèt ak ofrann pou di mèsi, pou Bondye ka wete peche pèp Izrayèl la.