Exodus 29:38
Men sa ou gen pou ofri sou lòtèl la: Chak jou, san sote yon jou, w'a ofri de ti mouton ki poko gen ennan bay Bondye.
Bib La
In The King James Version
In Context
39W'a ofri yonn nan mouton yo nan maten, lòt la nan aswè anvan li fin fè nwa nèt.
Cross References
Leviticus 9:17Li mete ofrann grenn jaden yo devan Seyè a. Li pran yon ponyen farin, li boule l' sou lotèl la, anplis ofrann ki t'ap boule depi maten an.
1 Chronicles 16:40Chak maten, chak aswè, se yo ki pou boule bèt yo ofri bay Seyè a nèt sou lotèl ki fèt pou sa a, dapre sa ki ekri nan lalwa Seyè a te bay pèp Izrayèl la.
2 Chronicles 2:4Mwen pral bati yon tanp pou Seyè a, Bondye mwen an. Se pral yon kay n'ap mete apa pou li, kote n'a boule lansan pou li, kote n'a toujou mete devan l' pen y'ap ofri l' yo, kote chak maten chak aswè y'a ofri bèt pou yo boule nèt pou li lè jou repo yo, lè lalin nouvèl, ak lè lòt fèt nou fete pou Seyè a, Bondye nou an, jan li te bay pou yo toujou fè l' nan peyi Izrayèl.
2 Chronicles 29:7Yo kondannen tout pòt nan Tanp lan, yo kite lanp yo mouri, yo sispann boule lansan, yo sispann boule bèt nan Tanp lan pou Bondye pèp Izrayèl la.
Ezra 3:3Atout yo te pè lòt moun yo ki t'ap viv nan peyi a, yo rebati lotèl la menm kote li te ye anvan an. Epi yo tanmen boule bèt sou li pou Seyè a, chak maten ak chak aswè.
Ezekiel 46:13Seyè a di ankò: -Chak maten, se pou yo ofri yon ti mouton ennan san ankenn enfimite pou yo boule nèt pou Seyè a. Se pou yo fè ofrann sa a chak jou.