2 Corinthians 13:3
Nou bezwen prèv se Kris la k'ap pale lè m'ap pale, enben n'a jwenn li. Kris la pa fèb non lè l'ap regle ak nou. Okontrè, l'ap fè nou wè pouvwa li.
Bib La
In The King James Version
Since ye seek a proof of Christ speaking in me, which to you-ward is not weak, but is mighty in you.
In Context
Cross References
Matthew 18:18Se vre wi, sa m'ap di nou la a: Tou sa n'a defann moun fè sou latè, yo p'ap kapab fè l' nan syèl la non plis. Tou sa n'a pèmèt moun fè sou latè, y'a kapab fè l' nan syèl la tou.
1 Corinthians 5:4Lè n'a reyini ansanm, m'a la tou avèk nou nan lespri, pa pouvwa Jezikri, Seyè nou an.
2 Corinthians 2:6Pifò nan nou gen tan peni nonm sa a, se kont li.
2 Corinthians 3:1Eske sa vle di m'ap kòmanse fè lwanj tèt mwen ankò? Osinon, èske mwen ta bezwen yon lèt rekòmandasyon pou nou tankou kèk lòt ki pòte lèt rekòmandasyon ban nou? Ou ankò èske se pou m' ta mande nou pòte yon lèt konsa ban mwen?
2 Corinthians 10:8Enpi, menm si m' te fè grandizè yon ti jan twòp pou otorite Seyè a ban mwen an, mwen pa wont pou sa. Paske, otorite sa li ban mwen an, se pou m' fè nou grandi nan konfyans nan li, se pa pou m' kraze nou.