2 Corinthians 5:13
Si jan yo di l' la mwen fou, se pou Bondye mwen fou. Men, si mwen gen tout bon sans mwen, se pou nou menm, moun Korent, mwen konsa.
Bib La
In The King James Version
For whether we be beside ourselves, it is to God: or whether we be sober, it is for your cause.
In Context
Cross References
2 Samuel 6:21David reponn li: -Se vre. Mwen t'ap danse pou m' te fè lwanj Seyè a ki te pito m' pase papa ou ak tout fanmi ou. Li chwazi m', li mete m' chèf pèp Izrayèl la, pèp li a. M'ap toujou ka danse devan l' pou m' fè lwanj li.
Romans 12:3Poutèt favè Bondye fè m' lan, men sa m'ap mande nou tout: Piga nou mete nan tèt nou nou plis pase sa nou ye. Okontrè, pa mete gwo lide nan tèt nou. Se pou chak moun konsidere tèt li dapre sa Bondye ba li ki pa l' nan lafwa.
2 Corinthians 7:12Se pa pou moun ki te fè sa ki mal la, ni pou moun yo te fè mal la mwen te ekri nou. Mwen ekri nou pou n' te ka wè jan nou devwe pou mwen devan Bondye. Se poutèt sa, sa te ban m' anpil ankourajman.
2 Corinthians 11:16M'ap repete sa m' te di a: Piga pesonn pran m' pou moun fou. Men, si nou pran m' pou moun fou, kite m' pran pòz moun fou m' vre pou m' kapab vante tèt mwen yon ti kras tou.
2 Corinthians 12:11Mwen sot pale la a tankou moun fou. Men, se nou menm ki lakòz sa. Se nou menm ki pou ta pran defans mwen. Mwen te mèt pa anyen vre, men, apòt nou yo ki kwè yo plis pase tout moun, yo pa gen anyen pase mwen.
1 Thessalonians 1:5Se pa t' avèk pawòl ase mwen te anonse nou bon nouvèl la. Men tou, se te avèk pouvwa Sentespri a, avèk lasirans fèm sa m' t'ap di a se vre. Nou menm tou, nou konnen jan mwen te mennen tèt mwen nan mitan nou. Mwen te fè l' pou byen nou.