2 Corinthians 9:2
Mwen konnen jan nou vle ede, mwen pa t' manke kontan pale byen pou nou ak moun Masedwan yo lè m' te di yo: Depi lanne pase anwo, frè ki nan peyi Lakayi yo pare pou ede. Se konsa lanpresman nou pou bay te eksite anpil ladan yo bay tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Acts 18:12Pandan Galyon te gouvènè nan peyi Lakayi, jwif yo mete tèt ansanm, yo leve dèyè Pòl. Yo mennen l' devan tribinal la,
2 Corinthians 1:1Mwen menm Pòl, yon moun Bondye menm te deside rele pou sèvi apòt Jezikri, ansanm ak frè nou Timote, m'ap ekri nou tout ki nan legliz Bondye a nan lavil Korent ansanm ak tout pèp Bondye a ki nan tout peyi Lakayi.
2 Corinthians 8:8Se pa yon lòd m'ap ban nou: Men, mwen pran egzanp sou lòt yo pou nou menm tou nou ka moutre jan nou gen renmen tout bon nan kè nou.
2 Corinthians 8:19Apre sa, se legliz yo menm ki te chwazi l' pou vwayaje ansanm ak nou, pou ede ranmase lajan nou t'ap bay la. Lajan sa a gen pou sèvi yon lwanj pou Bondye, anmenmtan l'ap fè wè jan nou vle ede vre.
1 Thessalonians 1:7Se konsa, nou te tounen yon egzanp pou tout moun nan peyi Masedwan ak nan peyi Lakayi ki gen konfyans nan Bondye.