2 Kings 13:1
Joas, pitit wa Okozyas, t'ap mache sou venntwazan depi li t'ap gouvènen peyi Jida a lè Joakaz, pitit Jeou, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen pandan disetan nan lavil Samari.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 10:30Seyè a di Jeou konsa: —Ou fè fanmi wa Akab la tou sa m' te vle fè yo. Ou byen fèt, ou fè sa ki dwat nan je m'. Se poutèt sa, pitit pitit ou yo pral wa nan peyi Izrayèl la rive sou kat jenerasyon.
2 Kings 11:4Sou setyèm lanne a, Jeojada, prèt la, fè chache tout kaptenn gadkò wa a ak tout chèf gad palè yo, li fè yo vin jwenn li nan tanp lan. La, li pran dizon ak yo, li fè yo fè sèman epi li moutre yo Joas, pitit wa a.
2 Kings 12:1Lè sa a, Jeou t'ap mache sou sètan depi li t'ap gouvènen. Joas pase karantan lavil Jerizalèm ap dirije peyi a. Manman l' te yon moun lavil Bècheba ki te rele Zibya.
2 Kings 15:12Se konsa pawòl Seyè a te di Jeou a rive vre. Li te di l': Pitit ou yo ap chita sou fotèy wa peyi Izrayèl la jouk sou kat jenerasyon apre ou.