2 Kings 13:4
Lè sa a, Joakaz lapriyè nan pye Seyè a. Seyè a reponn li paske li te wè jan wa peyi Siri a t'ap toupizi moun peyi Izrayèl yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 31:42Si Bondye papa m' lan, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak respekte a, pa t' la avèk mwen, koulye a ou ta voye m' ale yon men devan yon men dèyè. Men Bondye wè tout traka mwen bay tèt mwen, li wè travay mwen fè, se konsa yè swa li rann jijman li.
Exodus 3:9Bondye di ankò: -Koulye a menm, rèl pitit Izrayèl yo rive jouk nan zòrèy mwen. Mwen wè jan y'ap soufri anba moun peyi Lejip yo k'ap peze yo.
Judges 6:6Moun peyi Madyan yo te fini ak moun Izrayèl yo. Lè sa a, moun Izrayèl yo kriye nan pye Seyè a, yo mande l' sekou.
Judges 10:15Men, moun pèp Izrayèl yo di Seyè a: -Nou fè sa nou pa t' dwe fè: Ou mèt fè nou sa ou vle. Men, tanpri delivre nou jòdi a!
2 Kings 13:23Men, Seyè a te aji byen ak moun peyi Izrayèl yo, li te gen pitye pou yo. Li pa t' kite moun fini ak yo, li te ede yo poutèt kontra li te pase ak Abraram, Izarak ak Jakòb. Li pa janm bliye pèp li a, jouk lè sa a.
2 Chronicles 33:12Manase te nan gwo lafliksyon, li rele Seyè a, Bondye li a, li rekonèt tout fòt li yo devan Seyè a, Bondye zansèt li yo.