Genesis 31:42
Si Bondye papa m' lan, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak respekte a, pa t' la avèk mwen, koulye a ou ta voye m' ale yon men devan yon men dèyè. Men Bondye wè tout traka mwen bay tèt mwen, li wè travay mwen fè, se konsa yè swa li rann jijman li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 16:11Zanj lan di l' ankò. Gade! Ou ansent. Ou pral fè yon ti gason. Wa rele l' Izmayèl, paske Seyè a tande rèl ou nan tray w'ap pase a.
Genesis 27:33Tande Izarak tande sa, li sezi, li pran tranble kou fèy bwa. Li di: -Kilès sa ki te pote ban m' manje jibye li sot chase a? Mwen fèk fin manje anvan ou rive la a. Mwen ba li benediksyon m' lan ki pou li nèt.
Genesis 31:5Li di yo: -Mwen wè karaktè papa nou pa menm jan avè m' ankò. Li chanje anpil, men Bondye papa m' lan toujou avè m'.
Genesis 31:24Men, pandan lannwit, Bondye parèt devan Laban, moun lavil Aram lan, nan yon rèv, li di l': -Piga ou di Jakòb anyen ni an byen, ni an mal.
Genesis 31:53Se pou Bondye Abraram lan, Bondye Nakò a, Bondye papa yo a, mete rezon nan mitan nou. Lè sa a, Jakòb sèmante nan non Bondye Izarak, papa l' respekte a.
Deuteronomy 15:13Lè n'ap ranvwaye l' la, pa kite l' ale san nou pa ba li anyen.