2 Kings 20:13
Ezekyas te kontan jès la. Li moutre mesaje wa Babilòn te voye yo tout richès li yo: pyès an ajan, lò, epis, boutèy odè, zam ansanm ak tout lòt bagay li te gen nan depo l' yo. Li fè yo wè dènye bagay li te gen lakay li ak nan tout peyi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 10:2Se konsa, li rive lavil Jerizalèm avèk yon pakèt moun ak anpil chamo chaje fèy santi bon, bèl pyè koute chè ak kantite lò. Lè li rive devan Salomon, li mande l' tout kalite keksyon li te fè lide mande l'.
1 Kings 10:15san konte lajan li resevwa nan men moun k'ap fè trafik, nan men moun k'ap fè komès, nan men wa peyi Arabi yo ak nan men gouvènè pèp Izrayèl yo.
2 Kings 20:15Ezayi di l' konsa: —Kisa yo wè nan palè a? Ezekyas reponn: —Yo wè tout sa ki nan palè a. Mwen fè yo wè dènye bagay mwen gen nan depo m' yo.
Psalms 62:11(062:12) An de fwa, men sa m' tande Bondye di: -Se nan men m' pouvwa rete.
Ecclesiastes 7:20Pa gen moun k'ap mache dwat sou latè ki ka di tou sa l'ap fè byen, li pa janm fè sa ki mal.
Jeremiah 9:22Seyè a di: -Kadav yo gaye toupatou, tankou fimye yo simen nan jaden, tankou grap diri moun k'ap ranmase rekòt yo kite atè. Pa gen pesonn pou ranmase yo.