2 Kings 21:9
Men moun peyi Jida yo pa koute Seyè a, Manase pran tèt yo, yo fè pi mal pase nasyon Seyè a te mete deyò nan peyi a pou fè plas pou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
10Lè sa a, Seyè a voye sèvitè l' yo, pwofèt yo, pou di yo:
Cross References
1 Samuel 8:19Pèp la te derefize koute Samyèl. Yo t'ap di: -Non! Se yon wa nou vle pou gouvènen nou,
2 Kings 16:3Li te pito fè tankou wa peyi Izrayèl yo, li menm rive ofri pwòp pitit gason l' pou yo boule pou zidòl yo, dapre vye prensip krimenèl nasyon Seyè a te mete deyò pou fè plas pou moun Izrayèl yo te konn swiv.
2 Chronicles 36:16Men, yo pase mesaje Bondye yo nan betiz, yo pa okipe sa Bondye te di yo, yo pase pwofèt yo anba rizib. Bout pou bout, Seyè a te vin sitèlman fache pa t' gen rechap pou yo ankò.
Nehemiah 9:26Men, yo rete konsa, yo vire do ba ou, yo fè wondonmon. Yo pran lalwa ou la, yo voye l' jete dèyè do yo. Yo touye pwofèt ou te voye ak mesaj pou ba yo avètisman pou yo te ka tounen vin jwenn ou. Se pa ti kras manke yo te manke ou dega!
Psalms 12:8(012:9) Mechan yo ap pwonmennen sou moun toupatou: se tout moun k'ap fè lwanj move bagay y'ap fè yo.
Proverbs 29:12Lè yon chèf renmen tripotay, se mechan ase k'ap sèvi avè l'.