2 Chronicles 36:16
Men, yo pase mesaje Bondye yo nan betiz, yo pa okipe sa Bondye te di yo, yo pase pwofèt yo anba rizib. Bout pou bout, Seyè a te vin sitèlman fache pa t' gen rechap pou yo ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 26:15Si nou meprize lòd mwen yo, si nou voye kòmandman mwen yo jete, si nou pa fè tou sa mwen mande nou fè, si nou pa kenbe kontra m' pase ak nou an,
2 Kings 2:23Elize kite lavil Jeriko, l' ale lavil Betèl. Li t'ap mache sou chemen an konsa, lè yon bann ti gason soti lavil la, yo pran pase l' nan betiz, yo t'ap rele: —Al fè wout ou, tèt chòv! Al fè wout ou, tèt chòv!
2 Chronicles 24:19Seyè a voye pwofèt pou fè pèp la tounen vin jwenn li, men pèp la derefize koute sa pwofèt yo t'ap di yo.
Ezra 5:12Men, zansèt yo te fè Bondye nan syèl la fache ak yo, kifè Bondye lage yo nan men Nèbikadneza, moun peyi Kalde, ki te wa peyi Babilòn. Wa sa a te fè detwi tanp lan, epi li fè depòte tout pèp la lavil Babilòn.
Psalms 74:1Se yon chante Asaf. Bondye, poukisa ou lage nou nèt konsa? Poukisa ou an kolè konsa sou moun pa ou yo, sou mouton ki nan savann ou yo?
Proverbs 1:24Ki jan nou ye konsa? Mwen rele nou, nou fè tankou nou pa tande m'. Mwen lonje men ban nou, nou fè tankou nou pa wè m'.