2 Kings 9:21
Lè sa a Joram di: —Pare cha lagè a pou mwen! Yo mennen chwal yo, yo pare cha lagè wa a. Joram, wa peyi Izrayèl la, ak Okozyas, wa peyi Jida a, pati, chak moun sou cha yo. y' al kontre Jeou. Yo kontre avè l' nan jaden ki te pou Nabòt, moun lavil Jizreyèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 20:14Akab mande l': -Ki moun ou pral fè lage yo nan men m' jòdi a? Pwofèt la reponn li: -Seyè a voye di ou se jenn sòlda ki sou lòd gouvènè pwovens yo ki pral fè l'. Wa mande ankò: -Ki moun ki pral atake anvan? Pwofèt la reponn: -Ou menm.
1 Kings 21:15Resevwa Jezabèl resevwa nouvèl lanmò Nabòt, l' al di Akab: -Leve non. Al pran jaden rezen Nabòt, nonm lavil Jizreyèl la, pou ou, jaden li te refize vann ou an. Nabòt pa nan moun isit ankò, li mouri.
2 Kings 9:25Jeou rele Bidka, òdonans li an, li ba li lòd sa a: —Pran kadav la, jete l' nan jaden Nabòt, moun Jizreyèl la. Ou chonje lè ou menm avè m' nou te sou chwal nou dèyè Akab, papa l'? Seyè a te pale kont Joram, li te di:
Micah 1:13Nou menm, moun lavil Lakis, nou mèt pare bon chwal pou cha nou yo. Se nou menm an premye nan peyi Izrayèl ki te konmanse ap fè sa ki mal. Se nou menm ki lakòz moun lavil Jerizalèm yo ap fè peche konsa.