2 Peter 1:1
Mwen menm, Simon Pyè, sèvitè ak apòt Jezikri, m'ap ekri lèt sa a pou nou menm ki resevwa yon konfyans ki gen menm valè ak pa m' lan, gremesi Jezikri, Bondye nou ak Sovè nou ki fè nou gras.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Jeremiah 33:16Lè sa a, moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo va sove, y'a viv san kè sote. Y'a rele lavil Jerizalèm Seyè a, Delivrans nou an.
Matthew 10:2Men non douz apòt yo: Premye a se te Simon (li te ba l' yon ti non: Pyè) ak Andre, frè li. Te gen Jak, pitit Zebede, ak Jan, frè li.
Luke 11:49Se poutèt sa Bondye te di nan bon konprann li: M'ap voye pwofèt avèk apòt ba yo; y'a touye kèk ladan yo, y'a pèsekite lòt yo.
John 1:42Li mennen Simon bay Jezi. Jezi gade l', li di: Se ou menm Simon, pitit Jan an? Y'a rele ou Sefas. (Se menm bagay ak Pyè, ki vle di wòch.)
John 20:21Jezi di yo ankò: benediksyon Bondye sou nou tout! Menm jan Papa a te voye m' lan, se konsa m'ap voye nou tou.
Acts 15:8Enben, Bondye ki konnen sa ki nan kè moun, li moutre nou ki jan li menm li asepte yo: li ba yo Sentespri menm jan li te fè l' pou nou an.