2 Peter 3:1
Frè m' yo, sa fè dezyèm lèt m'ap ekri nou. Nan tou de lèt yo mwen te vle fè nou chonje tout bagay sa yo, pou lespri moun ki dwat yo pa dòmi, pou n' te ka gen bon lide nan tèt nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 24:4Se moun ki pa fè anyen ki mal, moun ki pa gen move lide nan tèt yo. Se moun ki pa nan bay manti, moun ki pa nan fè sèman pou twonpe moun.
Matthew 5:8Benediksyon pou moun ki pa gen move lide nan tèt yo, paske y'a wè Bondye.
1 Timothy 5:22Pa prese mete men sou tèt yon moun pou ba l' yon chaj nan legliz la. Pa mele nan peche okenn moun. Evite tou sa ki mal.
1 Peter 1:1Se mwen menm, Pyè, apòt Jezikri, k'ap ekri lèt sa a pou nou tout ki fè pati pèp Bondye te chwazi a men k'ap viv tankou etranje, gaye nan peyi Pon, Galasi, Kapadòs, Lazi ak Bitini.
2 Peter 1:12Se poutèt sa, nou te mèt konnen bagay sa yo deja, nou te mèt kanpe fèm nan verite nou resevwa a, mwen p'ap janm manke fè nou chonje bagay sa yo.