2 Peter 3:4
Y'a di: Kote pwomès li te fè nou an? Li pa t' di li t'ap vini? Depi sou tan zansèt nou yo ki mouri, tout bagay rete menm jan yo te ye a lè latè te fèk kreye.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 19:14Lòt soti, li al jwenn mari pitit fi li yo, li di yo. Leve non, fè vit, ann met deyò. Seyè a pral detwi lavil la. Men bofi li yo te kwè se jwe li t'ap jwe.
Ecclesiastes 8:11Se paske yo pran twòp tan pou yo pini moun ki fè mal yo ki fè moun toujou anvi fè sa ki mal.
Jeremiah 5:12Wi, yo nye Seyè a. Y'ap plede di: Seyè a pa egziste! Pa gen malè ki pou rive nou. P'ap gen lagè. P'ap kras gen grangou!
Ezekiel 11:3Y'ap plede di: Talè konsa nou p'ap ka bati kay ankò! Lavil la tankou yon chodyè sou dife, nou menm, nou tankou vyann ladan l'. Nou pa bezwen fè anyen kote nou ye a.
Malachi 2:17N'ap fatige tèt Seyè a ak yon bann pawòl. Epi n'ap di: Ki jan n'ap fatige l' la? Se lè n'ap plede di: Tout moun ki fè sa ki mal yo bon nan je Seyè a. Li kontan ak yo. Ou ankò lè n'ap mande: Kote Bondye k'ap rann jistis la?
Matthew 24:48Men, si domestik sa a se yon move moun, l'ap di nan kè l': Mèt mwen ap fè reta. Li poko ap vini.