2 Samuel 10:18
Moun Izrayèl yo fè moun Aram yo kouri met deyò. David ak sòlda li yo touye sètsan (0700) sòlda ki te sou cha lagè, katòzmil (014.000) sòlda ki te sou chwal. Yo blese Chobak, chèf lame lènmi yo, ki mouri la menm kote yo t'ap goumen an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Judges 4:22Lè Barak rive bò kay la ap chache Sisera, Jayèl soti vin kontre l', epi li di l': -Vini non! M'a fè ou wè moun w'ap chache a! Se konsa Barak antre avè l' anba tant li a, li wè Sisera kouche atè a tou mouri avèk pikèt la plante nan tanp li.
2 Samuel 8:4David pran mil sètsan (01700) kavalye nan lame wa Adadezè a, li fè yo prizonye ansanm ak venmil (020.000) sòlda ki t'ap mache apye. Lè li fin wete kont chwal pou san cha lagè, li fè koupe jarèt tout rès chwal yo.
Psalms 18:38(018:39) Mwen jete yo atè, yo pa ka leve. Yo tonbe, mwen mete pye m' sou kou yo.
Psalms 68:2(068:3) Menm jan lafimen disparèt nan lè a, se konsa w'ap disparèt yo. Menm jan lasi fonn nan dife, se konsa mechan yo gen pou yo mouri devan Bondye.