2 Samuel 8:4
David pran mil sètsan (01700) kavalye nan lame wa Adadezè a, li fè yo prizonye ansanm ak venmil (020.000) sòlda ki t'ap mache apye. Lè li fin wete kont chwal pou san cha lagè, li fè koupe jarèt tout rès chwal yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 11:6Seyè a di Jozye konsa: -Ou pa bezwen pè moun sa yo! Denmen, lè konsa, m'ap fè nou wè tout tonbe mouri la devan je nou. Nou menm, nou pral koupe jarèt tout chwal yo, epi n'ap boule cha yo.
1 Kings 10:26Salomon te sanble mil katsan (01.400) cha lagè ak douzmil (012.000) chwal pou sòlda kavalye yo. Li mete yon pòsyon ladan yo nan lavil li te fè bati tout espre pou yo. Rès yo, li mete yo bò kote l' lavil Jerizalèm.
Psalms 20:7(020:8) Gen moun ki mete konfyans yo nan machin pou fè lagè. Gen lòt moun, se nan chwal yo yo mete konfyans yo. Men nou menm, se nan pouvwa Seyè a, Bondye nou an, nou mete konfyans nou.