The Bible Software
bible.software › 2 Samuel › 2 Samuel 10 › 2 Samuel 10:6

2 Samuel 10:6

Moun Amon yo vin konprann yo te fè David fache. Yo voye chache venmil (020.000) sòlda lavil Bètreyòb ak lavil Zoba nan peyi Aram lan, ak douzmil (012.000) gason lavil Tòb. Yo voye chache wa lavil Maka a tou ansanm ak mil (01.000) sòlda. Yo peye yo pou yo vin goumen pou yo.

Bib La

In The King James Version

And when the children of Ammon saw that they stank before David, the children of Ammon sent and hired the Syrians of Beth-rehob, and the Syrians of Zoba, twenty thousand footmen, and of king Maacah a thousand men, and of Ish-tob twelve thousand men.

In Context

5Mesye yo te wont anpil pou yo te tounen lakay yo konsa. Lè David vin konn sa ki te rive yo, li voye di yo rete lavil Jeriko, y'a tounen lakay yo lè bab yo va pouse ankò.

7David menm vin konn sa, li voye Joab ak tout lame vanyan sòlda li yo al kontre yo.

Read all of 2 Samuel 10

Cross References

Genesis 34:30Apre sa, Jakòb rele Simeyon ak Levi, li di yo: -Gade nan ki traka nou mete m'. Koulye a, moun ki rete nan peyi a, moun Kanaran yo ak moun Perezi yo, pral rayi m'. Mwen pa gen anpil moun. Si yo mete ansanm sou do mwen pou atake m', y'ap touye m' ansanm ak tout moun lakay mwen.

Deuteronomy 3:14Jayit, moun fanmi Manase, te pran tout zòn Agòb la, ki vle di peyi Bazan an rive jouk sou fwontyè peyi moun Jechou yo ak peyi moun Maka yo. Li bay peyi a non li. Li rele l' Bouk Jayi. Non sa a rete pou peyi a jouk koulye a.)

Joshua 13:13Men, pèp Izrayèl la pa t' mete moun Jechou yo ak moun Maaka yo deyò. Se konsa, jouk jòdi a de pèp sa yo ap viv nan mitan pèp Izrayèl la toujou.

Judges 11:5Lè moun Amon yo vin atake pèp Izrayèl la, chèf fanmi peyi Galarad la al chache Jefte nan peyi Tòb pou mennen l' tounen.

1 Samuel 13:4Nouvèl la gaye nan tout pèp Izrayèl la: Sayil te touye chèf moun Filisti yo. Koulye a moun Filisti yo pa vle wè pèp Izrayèl la. Se konsa tout pèp la vin jwenn Sayil lavil Gilgal, yo kanpe avè l'.

2 Samuel 8:3Apre sa, li bat Adadezè, pitit gason Reyòb, wa peyi Zoba a, ki t'ap mache pran zòn ki sou anwo larivyè Lefrat la.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study 2 Samuel 10:6

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← 2 Samuel 10:52 Samuel 102 Samuel 10:7 →