2 Samuel 11:1
Nan prentan apre sa, nan epòk wa yo konn soti pou al fè lagè, David voye Joab ansanm ak tout lòt ofisye yo alatèt lame pèp Izrayèl la al goumen ak moun Amon yo. Yo ravaje peyi Amon an, yo sènen lavil Raba. David menm te rete lavil Jerizalèm.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 3:11(Og, wa Bazan an, se te dènye moun nan ras refayim yo ki te vivan. Sèkèy li te fèt an fè, li te gen kat mèt edmi longè sou de mèt lajè. Yo ka wè l' jouk koulye a nan lavil yo rele Raba moun Amon yo.)
1 Kings 20:22Apre sa, pwofèt la al jwenn wa Akab, li di l' konsa: -Ou mèt tounen koulye a, mete lame ou la anfòm. Kalkile byen sou sa ou pral fè, paske nan ennan, dat pou dat, wa peyi Siri a ap tounen vin atake ou ankò.
1 Chronicles 20:1Nan prentan apre sa, nan epòk wa yo konn soti al fè lagè, Joab pati ak pifò sòlda lame pèp Izrayèl la. Yo ravaje peyi Amon an, yo sènen lavil Raba. David menm te rete lavil Jerizalèm. Joab pran lavil la, li kraze l'.
Psalms 60:9(060:11) Ki moun ki pou mennen m' nan lavil ki byen gade a? Ki moun ki pou mennen m' lavil Edon?
Ezekiel 21:20yonn pou moutre wa a chemen ki mennen lavil Raba nan peyi Amon, yonn pou moutre l' chemen ki ale peyi Jida rive lavil Jerizalèm ki byen pwoteje ak ranpa a.