2 Samuel 11:2
Yon jou, bò aswè, David te fin fè yon ti poze, li leve, li soti al sou teras ki anwo palè a. Antan li la, li wè yon fanm ki t'ap benyen. Fanm lan te bèl anpil.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 3:6Fanm lan gade, li wè jan pyebwa a te bèl, jan fwi yo sanble yo ta bon nan bouch. Li santi li ta manje ladan l' pou je l' ka louvri. Li keyi kèk fwi. Li manje, li pote bay mari l' ki manje tou.
Genesis 12:11Li te prèt pou antre nan peyi Lejip lè li di Sarayi, madanm li. Koute non. Ou se yon bèl fanm.
Genesis 39:6Potifa te lage tout zafè l' nan men Jozèf. Li pa t' okipe anyen ankò, se annik vin chita manje. Jozèf te vin yon bèl gason byen kanpe.
Deuteronomy 22:8Lè n'ap bati yon kay nèf, n'a mete balistrad pou moun pa sot tonbe sou teras twati a. Konsa yo p'ap ka rann nou reskonsab si yon moun ta rive tonbe epi li mouri lakay nou.
2 Samuel 4:5Rekab ak Bana, pitit gason Rimon, moun lavil Bewòt la, pati pou lakay Ichbochèt. Yo rive vè midi. Lè sa a, Ichbochèt t'ap fè yon ti dòmi pou poze kò l'.
2 Samuel 13:1Men sa ki vin rive apre sa: Absalon, pitit gason David la, te gen yon sè ki te bèl anpil. Li te rele Tama. Amnon, yon lòt pitit gason David, tonbe damou pou li.