2 Samuel 13:19
Li simen sann dife sou tèt li, li chire rad ki te sou li a, li mete de men nan tèt, li pran rele epi li ale.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 4:12Yon nonm nan branch fanmi Benjamen an te pran kouri depi kote yo t'ap goumen an jouk lavil Silo. Li rive menm jou a. Li te chire rad sou li, li te mete pousyè sou tèt li pou fè wè jan li te nan lapenn.
2 Samuel 1:11David chire rad ki te sou li sitèlman sa te fè li lapenn. Tout moun ki te la avè l' yo fè menm bagay la tou.
Job 2:12Yo te yon bèl ti distans toujou lè yo wè Jòb. Yo pa t' rekonèt li. Lè yo rekonèt li, dlo vin nan je yo, yo konmanse rele, yo kriye. Yo chire rad sou yo, yo voye pousyè tè sou tèt yo tèlman sa te fè yo lapenn.
Jeremiah 2:37W'a vire do ou kite peyi Lejip. Avèk men ou, w'a bouche figi ou tèlman w'a wont. Mwen menm, Seyè a, mwen voye moun ou fè konfyans yo jete. Yo p'ap ka fè anyen pou ou.