2 Samuel 13:20
Lè sa a, Absalon, frè l' la, mande l': -Eske Amnon, frè ou la, fè kadejak sou ou? Tanpri, sè m' pa kite sa fatige ou twòp, tande. Se frè ou li ye. Pa di pesonn anyen. Se konsa Tama rete pou kont li kay Absalon, frè l' la. Li te nan gwo lapenn.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 46:15Se pitit sa yo Leya te fè pou Jakòb lè yo te Mezopotami. Leya te fè yon fi tout yo te rele Dena. Avèk pitit pitit yo, sa te fè antou tranntwa gason ak yon fi.
Romans 12:19Mezanmi, pa tire revanj. Men, kite kòlè Bondye fè travay li; paske men sa ki ekri nan Liv la: Se mwen menm sèl ki gen dwa tire rèvanj, se mwen menm sèl ki va bay moun sa yo merite. Se Bondye menm ki di sa.