2 Samuel 14:7
Koulye a menm, tout fanmi m' yo leve dèyè m', y'ap mande m' pou m' lage sa ki te touye lòt la nan men yo pou yo touye l' tou, paske li te touye frè l' la. Si yo fè sa, m'ap rete san pitit gason. Y'ap wete dènye ti espwa ki te rete m' lan. Lèfini, mari m' p'ap gen yon pitit gason pou leve non l' sou tè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
8Wa a di madanm lan: -Ou mèt al lakay ou. M'ap okipe sa pou ou.
Cross References
Genesis 4:14Men ou mete m' deyò sou tè sa a koulye a, se kache pou m' al kache pou ou pa wè m'. M'ap tounen yon vakabon k'ap plede mache toupatou sou latè san rete. Nenpòt moun ki jwenn mwen va touye m'.
Numbers 35:19Moun ki fanmi pi pre moun yo touye a va reskonsab pou li touye ansasen an, nenpòt kilè li bare avè l'.
Deuteronomy 25:6Premye pitit gason madanm lan va fè a va pote non frè ki mouri a pou non l' pa pèdi nan peyi Izrayèl la.
Matthew 21:38Men, lè jeran yo wè pitit la, yonn di lòt: Men eritye a. Vini non, ann touye li. Konsa, jaden an va vin pou nou.