Deuteronomy 25:6
Premye pitit gason madanm lan va fè a va pote non frè ki mouri a pou non l' pa pèdi nan peyi Izrayèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 38:8Lè sa a, Jida di Onan: -Ale jwenn madanm frè ou la, kouche avè l'. Se devwa ou, paske ou se frè mari l' ki mouri. Konsa, w'a fè yon pitit pou frè ou pou non li pa pèdi.
Deuteronomy 9:14Kite m' fè sa m'ap fè a non! Mwen pral disparèt yo nèt pou pesonn sou latè pa janm chonje te gen moun sa yo. Men ou menm, m'ap ba ou pitit ki va vin zansèt yon nasyon k'ap pi gran, k'ap pi fò pase yo.
Deuteronomy 29:20Bondye p'ap janm padonnen yon moun konsa. Okontre, Bondye, ki yon Bondye ki fè jalouzi anpil pou moun pa li yo, ap fache yon sèl fache sou nonm sa a, tout madichon ki ekri nan liv sa a pral tonbe sou li. Bondye ap fè non l' disparèt nèt sou latè.
Ruth 4:10An menm tan tou, yo ban m' dwa pran Rit, vèv Maklon an, pou madanm mwen. Konsa, tè a va rete nan fanmi defen an: Non defen an p'ap pèdi non plis nan lavil la. N'a sèvi m' temwen pou sa ki rive jòdi a.
Psalms 109:13Se pou tout pitit pitit li yo mouri. Se pou timoun k'ap vini yo bliye non li.