2 Samuel 15:21
Men Itayi reponn li: -Monwa, mwen fè sèman devan Seyè a ak devan ou, se ou menm m'ap sèvi. Kote ou prale mwen pral avè ou, menm si mwen gen pou m' mouri.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 20:3Men David sèmante, li di l' konsa: -Papa ou konnen jan ou renmen m'. Li ka di nan kè l': mwen p'ap kite Jonatan konnen sa mwen gen lide fè a pou sa pa fè l' lapenn. M'ap fè ou sèman devan Bondye, sa ki rete pou m' mouri a pa anyen.
2 Kings 2:2Eli di Elize konsa: —Ou mèt rete isit la tande, paske Seyè a ban m' lòd pou m' al Betèl. Men, Elize reponn li: —Mwen pran ou menm ansanm ak Seyè ki vivan an pou temwen, mwen p'ap kite ou ale pou kont ou. Se konsa yo pati ansanm pou lavil Betèl.
2 Kings 2:6Apre sa, Eli di Elize: —Koulye a ou mèt rete isit la tande, paske Seyè a ban m' lòd pou m' al bò larivyè Jouden. Men, Elize reponn li: —Mwen pran ou menm ansanm ak Seyè ki vivan an pou temwen, mwen p'ap kite ou ale pou kont ou. Se konsa yo pati ansanm ankò.
Proverbs 17:17Yon bon zanmi p'ap janm trayi. Jou malè l'ap tankou yon frè pou ou.
Matthew 8:19Men, yon dirèktè lalwa pwoche bò kote l', li di l' konsa: Mèt, m'ap swiv ou tout kote ou prale.
Acts 11:23Lè Banabas rive, li wè ki jan Bondye t'ap beni disip yo. Li pa t' manke kontan, li t'ap ankouraje yo pou yo tout te kenbe fèm ak tout kè yo nan sèvis Seyè a san dekouraje.