2 Samuel 17:29
siwo myèl, bè, fwomaj lèt bèf, fwomaj lèt mouton. Yonn te di lòt: -Apre tout mache sa a nan dezè a, moun sa yo dwe grangou, yo dwe swaf, yo dwe bouke kont kò yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Judges 8:4Jedeyon rive bò larivyè Jouden an avèk twasan mesye ki te avè l' yo. Yo janbe larivyè a. Apre tout kouri sa a yo te fè dèyè lènmi yo, yo te bouke anpil.
2 Samuel 16:2Wa David mande l': -Sa ou pral fè ak tout bagay sa yo? Ziba reponn li: -Bourik yo, se pou wa a ansanm ak fanmi li yo moute. Pen yo ak fwi yo, se pou moun ou yo manje, diven an pou yo bwè lè y'a santi yo bouke nan dezè a.
2 Samuel 17:2M'ap pwofite antan li tou bouke, tou dekouraje a, m'ap atake l', m'ap fè l' pè. Lè sa a, tout moun ki avè l' yo va kraze rak. Se wa a ase m'ap touye.
Psalms 84:11(084:12) Paske, se Seyè a ki tout defans mwen, se li menm k'ap pwoteje nou. L'ap ban nou favè li, l'ap fè yo respekte nou. Lè yon moun ap mennen yon vi ki san repwòch, Bondye p'ap janm refize l' okenn bon bagay.
Ecclesiastes 11:1Fè byen san gad dèyè. Yon lè konsa, w'a jwenn rekonpans ou.
Isaiah 58:7Separe sa nou genyen ak moun ki grangou. Louvri pòt kay nou pou nou resevwa malere ki pa gen kote pou yo dòmi. Si nou wè yon frè nou toutouni, ba li rad pou li mete sou li. Pa refize lonje men bay frè parèy ou.