2 Samuel 16:2
Wa David mande l': -Sa ou pral fè ak tout bagay sa yo? Ziba reponn li: -Bourik yo, se pou wa a ansanm ak fanmi li yo moute. Pen yo ak fwi yo, se pou moun ou yo manje, diven an pou yo bwè lè y'a santi yo bouke nan dezè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 33:8Ezaou mande l': -Moun mwen kontre pi devan an, poukisa ou te voye yo? Jakòb reponn li: -Se pou m' te ka fè kè ou kontan.
Judges 8:4Jedeyon rive bò larivyè Jouden an avèk twasan mesye ki te avè l' yo. Yo janbe larivyè a. Apre tout kouri sa a yo te fè dèyè lènmi yo, yo te bouke anpil.
1 Samuel 14:28Men, yonn nan mesye yo di li: -Tout moun ap tonbe feblès, yo pa manje paske papa ou te ban nou prigad sa a, li te di: Madichon pou nenpòt moun ki manje anyen jòdi a.
2 Samuel 15:1Apre sa, Absalon achte yon cha lagè ak tout chwal pou tèt pa li. Li pran senkant gason pou mache avèk li.
2 Samuel 17:29siwo myèl, bè, fwomaj lèt bèf, fwomaj lèt mouton. Yonn te di lòt: -Apre tout mache sa a nan dezè a, moun sa yo dwe grangou, yo dwe swaf, yo dwe bouke kont kò yo.
Proverbs 31:6Se moun ki dekouraje ak lavi ki tonbe nan gwòg. Se moun ki gen gwo lapenn nan kè yo ki lage kò yo nan bweson.