2 Samuel 18:19
Akimaz, pitit gason Zadòk la, di Joab konsa: -Kite m' kouri al fè wa a konnen jan Seyè a rann li jistis, jan li delivre l' anba men lènmi l' yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 15:36Yo gen Akimaz ak Jonatan, pitit gason yo, ak yo. W'a voye yo vin di m' dènye sa w'a tande nan palè a.
2 Samuel 18:23Akimaz reponn: -Sa pa fè anyen. Mwen vle ale. Lè sa a, Joab di l': -Ale non! Se konsa Akimaz kouri ale, li pran wout ki pase nan plenn Jouden an, li pran devan moun peyi Letiopi a.
2 Samuel 18:31Apre sa, nonm peyi Letiopi a vin rive. Li di wa a: -Monwa, mwen gen bon nouvèl pou ou! Jòdi a, Seyè a rann ou jistis. Li wete ou anba men tout moun ki te leve dèyè ou yo.
Psalms 7:8(07:9) Ou menm Seyè, ou se jij tout moun. Tanpri, Seyè, fè m' jistis paske mwen mache dwat, mwen inonsan.
Psalms 9:16(09:17) Seyè a fè yo konnen ki moun li ye, li jije yo san patipri. Sa mechan yo fè a tounen kont yo.
Psalms 10:18W'a tande rèl moun y'ap peze yo, rèl timoun ki san papa yo. W'a fè yo jistis. Konsa, lèzòm ki fèt ak pousyè tè p'ap kapab fè moun pè ankò.