2 Samuel 19:13
n'a pale ak Amasa, n'a di l' pou mwen se fanmi m' li ye. Depi jòdi a, mwen mete l' alatèt lame mwen an nan plas Joab. Si mwen pa kenbe pawòl, se pou Bondye ban m' pi gwo pinisyon ki genyen!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Ruth 1:17Kote w'a mouri a, se la m'a mouri tou. Epi se la y'a antere m' tou. Mwen mande Seyè a pou l' ban mwen pi gwo madichon ki ka genyen, si se pa lanmò ki pou separe nou.
2 Samuel 5:1Tout branch fanmi Izrayèl yo vin jwenn David lavil Ebwon, yo di l' konsa: -Nou se moun menm ras, menm fanmi avè ou.
2 Samuel 17:25Absalon te chwazi Amasa pou kòmande lame a nan plas Joab. Amasa sa a te pitit gason Jitra, yon moun fanmi Izmayèl. Manman l' te rele Abigal, pitit fi Nach, sè Sewouya, manman Joab.
2 Samuel 19:5Joab al jwenn wa a nan chanm li, li di l' konsa: -Jan ou fè sa jòdi a ou fè tout sòlda ou yo wont. Yo menm ki te sove lavi ou ansanm ak lavi pitit gason ak pitit fi ou yo, lavi madanm ak fanm kay ou yo.
1 Chronicles 2:16De pitit fi Izayi yo te rele Sewouya ak Abigayil. Sewouya, pitit fi Izayi a, te gen twa pitit gason: Abichayi, Joab ak Asayèl.