2 Samuel 19:14
Lè tout moun peyi Jida yo tande pawòl David yo, yo tonbe dakò ak li. Yo mete tèt yo ansanm, yo voye di l': -Ou mèt tounen ansanm ak tout moun pa ou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Judges 20:1Tout pèp Izrayèl la nèt, depi lavil Dann nan nò jouk lavil Bècheba nan sid, pase nan peyi Galarad, tout pèp la nèt kanpe. Yo reyini ansanm devan Seyè a, lavil Mispa.
2 Samuel 5:1Tout branch fanmi Izrayèl yo vin jwenn David lavil Ebwon, yo di l' konsa: -Nou se moun menm ras, menm fanmi avè ou.
2 Samuel 20:4Apre sa, wa a pale ak Amasa, li di l' konsa: -M' ba ou twa jou pou ou sanble tout mesye Jida yo. Apre sa, w'a vin ak yo devan m'.
Acts 4:32Tout moun ki te kwè yo te fè yon sèl kò, yo te gen menm santiman yonn pou lòt, yo te gen yon sèl lide yonn anvè lòt. Pesonn pa t' di byen li yo te pou tèt pa l' ase, men tou sa yonn te genyen te pou tout moun.