2 Samuel 19:39
Apre sa, tout moun yo janbe lòt bò larivyè Jouden an. Lè wa a fin janbe, li bo Bazilayi, li rele benediksyon Bondye sou li. Bazilayi tounen lakay li apre sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 28:3Mwen mande Bondye ki gen tout pouvwa a pou l' beni maryaj ou, pou l' ba ou anpil pitit, pou ou tounen zansèt anpil nasyon.
Genesis 45:15Apre sa, li bo tout frè li yo, li t'ap kriye toujou. Lèfini, frè l' yo pran pale ak li.
Genesis 47:10Jakòb di farawon an orevwa, epi li ale.
Ruth 1:14Medam yo pran rele pi rèd. Apre sa, Opa bo bèlmè li a, li di l' orevwa, epi li al jwenn fanmi li. Men, Rit menm te refize kite l'.
2 Samuel 6:18Lè David fin fè ofrann sa yo, li beni pèp la nan non Seyè ki gen tout pouvwa a.
2 Samuel 13:25W'a reponn li: -Non, pitit mwen! Se pral twòp traka pou ou si nou tout nou vini. Absalon pèsiste, men wa a pa pran priyè, li voye l' ale ak benediksyon l'.