2 Samuel 19:7
Koulye a, monwa, leve non! Al pale ak moun pa ou yo pou ankouraje yo. Si ou pa fè sa, mwen fè sèman devan Bondye, denmen maten p'ap gen yon moun k'ap kanpe avè ou ankò. Malè sa a pral pi rèd pase tout malè ki janm tonbe sou ou depi ou te jenn gason rive jounen jòdi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 34:3Men Sichèm te tonbe damou pou Dena, pitit fi Jakòb la. Li te pale dous ak tifi a, paske li te renmen l'.
Psalms 71:9Koulye a mwen fin granmoun, tanpri pa voye m' jete. Koulye a mwen fin pèdi fòs, pa lage m'.
Psalms 129:1Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nou menm, pèp Izrayèl se pou nou rekonèt sa: Yo te fè nou pase kont mizè nou depi nou te jenn.
Proverbs 19:15Parès fè je ou toujou lou. Moun ki rete san fè anyen ap rete grangou.
Hosea 2:14Se poutèt sa, mwen pral mennen l' nan dezè a ankò. Mwen pral pale dous avè l', pou l' ka tounen vin jwenn mwen.