Hosea 2:14
Se poutèt sa, mwen pral mennen l' nan dezè a ankò. Mwen pral pale dous avè l', pou l' ka tounen vin jwenn mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 34:3Men Sichèm te tonbe damou pou Dena, pitit fi Jakòb la. Li te pale dous ak tifi a, paske li te renmen l'.
Song of Solomon 1:4Pran m' avè ou non! Ann kouri ale! Se ou menm ki wa mwen. Mennen m' nan chanm ou. Depi ou la, se pa ti kontan n'ap kontan. N'ap chante karès ou ki pi dous pase siwo myèl. Jenn fi yo gen rezon renmen ou konsa!
Isaiah 30:18Men, Seyè a ap tann lè pou l' fè nou gras. Li tou pare pou l' gen pitye pou nou, paske Seyè a, se yon Bondye k'ap toujou fè sa ki byen! benediksyon pou moun ki mete konfyans yo nan li.
Isaiah 40:1Ankouraje pèp mwen an, ankouraje l'! Se Bondye nou an ki di sa!
Isaiah 51:3Mwen menm Seyè a, mwen pral gen pitye pou peyi Siyon an, pou tout moun k'ap viv nan kay kraze l' yo. M'ap fè tout dezè li yo tounen bèl jaden, tout savann li yo tounen tankou premye jaden mwen te plante Edenn lan. Se kè kontan, se fèt ase ki va gen la. Y'a chante, y'a fè mizik pou di m' mèsi.
Jeremiah 3:12Ale nan nò, w'a di moun peyi Izrayèl yo pou mwen: Nou menm moun peyi Izrayèl ki te vire do ban mwen, tounen vin jwenn mwen. Mwen gen kè sansib, mwen p'ap fache sou nou. Mwen p'ap fache sou nou pou tout tan. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.