2 Samuel 2:26
Abnè rele Joab, li di l' konsa: -Gen lè nou p'ap janm fini ak batay sa a? Ou pa wè sa ap fini mal pou nou tou de? Se frè nou ye. Sa w'ap tann pou ou bay moun ou yo lòd pou yo sispann kouri dèyè nou?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 2:14Abnè di Joab konsa: -Annou chwazi kèk jenn gason pou yo goumen devan nou la a. Joab reponn: -Dakò!
2 Samuel 11:25David di mesaje a: -Ankouraje Joab. Di li li pa bezwen kite sa fatige l' twòp. Se toujou konsa lè y'ap fè lagè. Ou pa janm konnen kilès ki pral mouri. Di li pare pou li fè yon gwo atak sou lavil la pou li pran l'.
Job 19:2-Manyè sispann vire lòlòj mwen non! Manyè sispann kraze kouraj mwen ak tout pawòl sa yo?
Proverbs 17:14Lè yon kont pete, se tankou dlo ki kase dig kannal. Anvan batay mete pye, chape kò ou.
Jeremiah 2:30Mwen te pini pitit nou yo, men sa pa t' sèvi anyen. Nou pa t' dakò pou m' te korije nou! Tankou lyon ki fin wè mò, nou rale nepe nou yo, nou touye pwofèt nou yo.
Jeremiah 12:12Moun soti lòt bò mòn ki nan dezè a vin piye. Paske Seyè a voye lagè pou detwi tout peyi a nèt. Pesonn pa ka viv ak kè poze.