2 Samuel 2:6
Mwen mande Seyè a pou li aji byen ak nou tou, pou li pa janm lage nou. Mwen menm pou tèt pa m', m'ap aji byen avèk nou tou poutèt sa nou fè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 2:14Mesye yo reponn li. -Nou pwomèt ou n'a pito mouri nou menm pase pou n' kite yo touye ou. Si ou pa di pesonn sa nou vin fè isit la, lè Seyè a va ban nou peyi a, n'a aji byen avè ou, n'a kenbe pawòl nou.
2 Samuel 9:3Wa a mande l': -Pa gen yon moun ki rete nan fanmi Sayil la, pou m' ka fè kichòy pou li jan mwen te pwomèt sa devan Bondye? Ziba reponn li: -Wi, gen yonn nan pitit gason Jonatan yo ki vivan toujou. Men, li enfim nan tou de pye l' yo.
2 Samuel 10:2David di: -Se pou m' aji byen ak Anoun menm jan papa l', Nakach, te aji byen avè m'. Se konsa David voye mesaje al di Anoun jan sa te fè l' lapenn lè l' pran nouvèl lanmò papa l'. Lè mesaje yo rive lavil Amon,
Psalms 57:3(057:4) L'ap rete nan syèl la, l'ap delivre m' anba men moun k'ap pèsekite m' yo. Bondye va fè m' wè jan li renmen mwen, jan li toujou kenbe pawòl li.
Matthew 5:7Benediksyon pou moun ki gen kè sansib, paske Bondye va fè yo wè jan li gen kè sansib tou.
Matthew 10:16Gade, mesye! M'ap voye nou tankou mouton nan mitan chen mawon. Se sak fè, se pou nou sou prigad nou tankou pentad, se pou nou inonsan tankou pijon.