2 Samuel 9:3
Wa a mande l': -Pa gen yon moun ki rete nan fanmi Sayil la, pou m' ka fè kichòy pou li jan mwen te pwomèt sa devan Bondye? Ziba reponn li: -Wi, gen yonn nan pitit gason Jonatan yo ki vivan toujou. Men, li enfim nan tou de pye l' yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Wa a mande l': -Kote l' ye? Ziba reponn: -Li kay Maki, pitit gason Amiyèl la, lavil Lodeba.
Cross References
Deuteronomy 4:37Li te renmen zansèt nou yo, li te chwazi pitit pitit yo apre yo, kifè li te fè yo santi li la ak yo, li fè yo wè gwo pouvwa li, li fè yo soti kite peyi Lejip.
1 Samuel 20:14Bon, koulye a menm, si lè sa a mwen poko mouri, tanpri kenbe pwomès ou te fè m' devan Bondye a. Pa lage m'.
2 Samuel 19:26Mefibochèt reponn li: -Monwa, se domestik mwen an ki woule m'. Ou konnen m' enfim. Mwen te mande domestik mwen an pou l' te sele fenmèl bourik mwen an pou m' te ka ale ansanm avèk monwa.
Matthew 5:44Men mwen menm, men sa m'ap di nou: renmen tout lènmi nou yo, lapriyè pou moun k'ap pèsekite nou.
Titus 3:3Paske, nou menm tou, nan tan lontan nou te tankou moun fou, nou pa t' obeyisan devan Bondye, nou te tankou moun ki pèdi chemen yo. Nou te esklav tout kalite move dezi ak move plezi. Nou t'ap viv ak mechanste, ak jalouzi nan kè nou. Moun te rayi nou, epi nou menm, nou te rayi yo tou.