2 Samuel 20:22
li al pale ak moun lavil yo, li di yo sa li gen lide fè. Yo koupe tèt Cheba, yo voye l' jete lòt bò miray la bay Joab. Joab fè kònen twonpèt la pou bay sòlda li yo siyal pou yo kite lavil la al fè wout yo lakay yo. Joab menm tounen lavil Jerizalèm al jwenn wa a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 2:28Joab fè kònen klewon. Tout moun li yo rete sou sa yo te fè, yo sispann kouri dèyè moun Izrayèl yo. Se konsa batay la fini.
2 Samuel 11:6David voye yon mesaj bay Joab, li mande l' pou l' voye Ouri, moun peyi Et la, ba li. Se konsa, Joab voye Ouri bay David.
2 Samuel 18:17Yo pran kadav Absalon an, yo jete l' nan yon twou nan rakbwa a. Lèfini, yo kouvri l' ak yon gwo pil wòch. Tout rès moun peyi Izrayèl yo te kouri al lakay yo.
2 Samuel 20:16Te gen yon fanm nan lavil la ki te gen bon konprann. Li rete sou miray la, li di: -Ey! Ey! Tanpri, koute sa m'ap di nou! Al di Joab pou l' pwoche bò isit la. Mwen ta renmen fè yon ti pale avè l'.
Ecclesiastes 8:11Se paske yo pran twòp tan pou yo pini moun ki fè mal yo ki fè moun toujou anvi fè sa ki mal.