2 Samuel 18:17
Yo pran kadav Absalon an, yo jete l' nan yon twou nan rakbwa a. Lèfini, yo kouvri l' ak yon gwo pil wòch. Tout rès moun peyi Izrayèl yo te kouri al lakay yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 8:29Li fè yo pann wa lavil Ayi a nan yon pyebwa, epi yo kite l' la jouk aswè. Lè solèy kouche, Jozye bay lòd pou yo desann kadav la. Yo pran l', yo voye l' jete devan pòtay lavil la. Yo mete yon gwo pil wòch sou li. Pil wòch la la jouk jòdi a.
2 Samuel 19:5Joab al jwenn wa a nan chanm li, li di l' konsa: -Jan ou fè sa jòdi a ou fè tout sòlda ou yo wont. Yo menm ki te sove lavi ou ansanm ak lavi pitit gason ak pitit fi ou yo, lavi madanm ak fanm kay ou yo.
2 Samuel 19:9Nan tou peyi Izrayèl la, moun t'ap diskite, yo t'ap di: -Wa David te delivre nou anba men lènmi nou yo. Li te sove nou anba men moun peyi Filisti yo. Men koulye a, li kouri kite peyi a poutèt Absalon.
2 Samuel 20:22li al pale ak moun lavil yo, li di yo sa li gen lide fè. Yo koupe tèt Cheba, yo voye l' jete lòt bò miray la bay Joab. Joab fè kònen twonpèt la pou bay sòlda li yo siyal pou yo kite lavil la al fè wout yo lakay yo. Joab menm tounen lavil Jerizalèm al jwenn wa a.
Proverbs 10:7Y'ap toujou chonje yon nonm debyen, y'a fè lwanj pou li. Men, talè konsa non mechan an ap sèvi jouman.