2 Samuel 22:23
Mwen fè tou sa ki nan lalwa li, mwen pa janm dezobeyi kòmandman li yo.
Bib La
In The King James Version
For all his judgments were before me: and as for his statutes, I did not depart from them.
In Context
22Mwen te obeyi lalwa Seyè a, mwen pa janm vire do bay Bondye.
24Li konnen mwen pa antò. Mwen kenbe kò m' pou m' pa fè sa ki mal.
Cross References
Deuteronomy 6:1Koulye a, men kòmandman, lòd ak prensip Seyè a, Bondye nou an, te mande pou yo moutre nou, pou nou te ka swiv yo nan peyi kote nou pral antre pou nou pran pou nou an.
Deuteronomy 7:12Si nou koute tou sa mwen mande nou la a, si nou kenbe yo nan tèt nou, si nou swiv yo pwen pa pwen, Seyè a, Bondye nou an, va toujou kenbe kontra li te pase ak zansèt nou yo, l'ap toujou renmen nou jan li te fè sèman bay zansèt nou yo.
Deuteronomy 17:20Konsa, li p'ap ka mete nan tèt li li plis pase rès pèp la, li p'ap janm dezobeyi ankenn lòd nan sa Seyè a te bay la. Se konsa, ni li ni pitit li yo y'a rete chèf lontan nan mitan pèp Izrayèl la.
Psalms 119:6Konsa, mwen p'ap janm wont lè m'ap kalkile kòmandman ou yo.
Psalms 119:30Mwen pran desizyon pou m' swiv verite a. M'ap kenbe jijman ou yo devan je mwen.
Psalms 119:102Mwen pa janm vire do bay sa ou deside, paske se ou menm ki moutre mwen tout bagay.