The Bible Software
bible.software › Deuteronomy › Deuteronomy 7 › Deuteronomy 7:12

Deuteronomy 7:12

Si nou koute tou sa mwen mande nou la a, si nou kenbe yo nan tèt nou, si nou swiv yo pwen pa pwen, Seyè a, Bondye nou an, va toujou kenbe kontra li te pase ak zansèt nou yo, l'ap toujou renmen nou jan li te fè sèman bay zansèt nou yo.

Bib La

In The King James Version

Wherefore it shall come to pass, if ye hearken to these judgments, and keep, and do them, that the LORD thy God shall keep unto thee the covenant and the mercy which he sware unto thy fathers:

In Context

11Se poutèt sa, se pou nou swiv tout kòmandman, tout lòd ak tout prensip mwen mande nou jòdi a pou nou swiv.

13L'a renmen nou, l'a beni nou, l'a fè nou peple. L'a ban nou anpil pitit. L'a voye benediksyon sou jaden nou, n'a gen anpil manje, anpil diven ak anpil lwil. Bèf nou yo va bay anpil pòte, mouton nou yo va fè anpil pitit. L'a fè tou sa pou nou nan peyi li te pwomèt zansèt nou yo l'ap ban nou an.

Read all of Deuteronomy 7

Cross References

Exodus 15:26Li di yo: -Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Si nou koute m' lè m' pale nou, si nou fè tout sa ki dwat devan mwen, si nou louvri zòrèy nou pou swiv kòmandman mwen yo, pou nou kenbe lòd mwen ban nou, mwen p'ap voye malè sou nou, jan mwen te fè moun peyi Lejip yo. Se mwen menm, Seyè a, k'ap geri nou.

Deuteronomy 1:8Nou wè! Men m'ap ban nou tout peyi sa yo. Al pran posesyon peyi mwen menm Seyè a, mwen te pwomèt m'ap bay zansèt nou yo, Abraram, Izarak ak Jakòb, pou yo ak pou tout pitit yo ak pitit pitit yo apre yo.

Deuteronomy 7:9Se pou nou rekonèt Seyè a, Bondye nou an, se sèl Bondye ki genyen, sèl Bondye k'ap toujou kenbe pawòl li. Wi, l'ap toujou kenbe kontra li pase a. L'ap toujou renmen moun ki renmen l', moun ki fè tou sa l' mande yo fè, de pitit an pitit, pandan mil jenerasyon.

1 Kings 8:23li di: -Seyè, ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, pa gen Bondye tankou ou ni nan syèl ni sou latè. Ou kenbe kontra ou te pase ak pèp ou a. Ou moutre jan ou renmen moun k'ap sèvi ou ak tout kè yo.

Nehemiah 9:32Koulye a, Bondye nou, ou se yon Bondye ki gen pouvwa, yon Bondye ki gen fòs kouraj, yon Bondye ki fè moun respekte l'. W'ap toujou kenbe kontra ou te pase a, ou p'ap janm sispann gen bon kè. Tanpri, chonje lafliksyon ki te tonbe sou nou tout, sou wa nou yo, sou chèf nou yo, sou prèt nou yo, sou pwofèt nou yo, sou zansèt nou yo ak sou tout pèp la, depi lè wa peyi Lasiri yo t'ap peze nou an rive jouk koulye a. Pa kite nou soufri tou sa pou gremesi.

Psalms 105:8-(we vèsè pwochen)

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Deuteronomy 7:12

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Deuteronomy 7:11Deuteronomy 7Deuteronomy 7:13 →