2 Samuel 22:3
Ou se Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje m'. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Se ou ki tout defans mwen. Se fòs ou k'ap sove m'. Se anba zèl ou m' jwenn kote pou m' kache. Se ou ki delivrans mwen. Se ou ki delivre m' anba mechan yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Mwen rele Seyè a, li delivre m' anba lènmi m' yo. Lwanj pou Seyè a!
Cross References
Genesis 15:1Apre bagay sa yo, Abram fè yon vizyon. Li wè Seyè a ki t'ap pale avè l'. Seyè a di l' konsa. Abram, ou pa bezwen pè anyen. Se mwen menm k'ap pwoteje ou. M' sere yon gwo gwo rekonpans pou ou.
Deuteronomy 32:37Lè sa a, Seyè a va mande: -Kote bondye yo a, sa ki te konn pwoteje yo a? bondye yo te konn al jwenn pou pran defans yo a?
1 Samuel 2:1Lè sa a, Ana lapriyè, li di: -Seyè a fè kè m' kontan anpil! Seyè a remoute kouraj mwen. M'ap kenbe tèt ak lènmi yo. Kè m' kontan paske Bondye delivre mwen.
2 Samuel 22:51Bondye delivre wa li a anpil fwa. Li moutre jan li pa janm sispann renmen David, moun li chwazi a, ansanm ak pitit pitit li yo pou tout tan.
Psalms 5:12(05:13) Paske ou menm Seyè, ou beni moun ki obeyi ou. Ou kouvri yo avèk favè ou, w'ap kanpe bò kote yo pou pran defans yo.
Psalms 9:10(09:11) Moun ki konnen ou, Seyè, y'ap mete konfyans yo nan ou. Paske, ou pa lage moun k'ap chache ou.