1 Samuel 2:1
Lè sa a, Ana lapriyè, li di: -Seyè a fè kè m' kontan anpil! Seyè a remoute kouraj mwen. M'ap kenbe tèt ak lènmi yo. Kè m' kontan paske Bondye delivre mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Pa gen Bondye tankou Seyè a. Non, pa gen tankou l'. Pa gen moun ki ka pwoteje tankou Bondye nou an.
Cross References
Exodus 15:1Lè sa a, Moyiz ak moun pèp Izrayèl yo chante yon chante pou Seyè a. Men sa chante a di: -M'ap chante pou Seyè a, paske li genyen batay la. Li voye chwal yo ak tout kavalye yo jete nan lanmè.
Judges 5:1Jou sa a, Debora ak Barak, pitit gason Obinoram lan, pran chante chante sa a:
1 Samuel 1:7Sa kontinye konsa chak lanne pandan lontan. Chak fwa yo te moute ale nan tanp Seyè a, Penina gen pou anbete Ana jouk li fè l' fache. Lè konsa, Ana menm rete ap kriye, li pa vle manje anyen.
2 Chronicles 20:27Lèfini, tout moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo ak wa Jozafa alatèt yo tounen lavil Jerizalèm ak gwo kè kontan, paske se Seyè a menm ki te ba yo okazyon fè fèt sou do lènmi yo.
Psalms 9:14(09:15) pou m' ka kanpe devan moun lavil Jerizalèm yo, pou m' di yo poukisa m'ap fè lwanj ou. M'ap kontan nèt, paske ou te delivre m'.
Psalms 18:2(018:3) Se ou menm ki twou wòch kote m' kache a. Se ou menm ki sèvi m' ranpa. Se ou menm ki delivre m'. Ou se Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje m'. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Se ou ki tout defans mwen. Se fòs ou k'ap sove m'. Se anba zèl ou mwen jwenn kote pou m' kache.