2 Samuel 22:31
Bondye o! Tou sa ou fè bon nèt ale. Ou pa gen de pawòl. Ou pwoteje tout moun ki chache pwoteksyon anba zèl ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
32Ki moun ki Bondye si se pa Seyè a? Ki moun ki defans nou si se pa Bondye nou an?
Cross References
Deuteronomy 32:4Se Seyè a k'ap pwoteje nou. Tou sa li fè bon nèt. Li pa nan patipri nan anyen l'ap fè. Bondye nou an ap toujou kenbe pawòl li Li pa nan bay manti. Li fè sa ki dwat, li pa fè ankenn lenjistis.
Nehemiah 9:8Lè ou wè li te soti pou l' kenbe pawòl li ak ou, ou pase yon kontra avè l'. Ou pwomèt w'ap ba li peyi moun Kanaran yo, peyi moun Et yo ak peyi moun Amori yo, peyi moun Ferezi yo, peyi moun Jebis yo ak peyi moun Gigach yo pou li ak pou pitit pitit li yo. Ou te kenbe pwomès ou yo paske ou pa janm nan bay manti.
Psalms 2:7Wa a di: -M'ap fè nou konnen sa Seyè a deside. Li di mwen: Ou se pitit mwen. Depi jòdi a, se mwen ki papa ou.
Psalms 18:30(018:31) Bondye oo! Tou sa ou fè bon nèt ale. Ou toujou kenbe pawòl ou. Ou pwoteje tout moun ki chache pwoteksyon anba zèl ou.
Psalms 84:9(084:10) Bondye, ou menm ki tout pwoteksyon nou, voye benediksyon ou sou wa ou te chwazi pou nou an!
Psalms 119:140Pawòl ou se pawòl sèten nèt. Sèvitè ou gen tan renmen li.