Deuteronomy 32:4
Se Seyè a k'ap pwoteje nou. Tou sa li fè bon nèt. Li pa nan patipri nan anyen l'ap fè. Bondye nou an ap toujou kenbe pawòl li Li pa nan bay manti. Li fè sa ki dwat, li pa fè ankenn lenjistis.
Bib La
In The King James Version
In Context
3Mwen pral fè lwanj Seyè a! Rekonèt jan Bondye nou an gen pouvwa!
Cross References
Genesis 18:25Aa! Pou di w'ap fè inonsan peri ak koupab? Se pa posib. Ou pa ka fè sa. Se lenjistis pou inonsan gen menm sò ak koupab. Non, sa pa ka fèt. Bondye k'ap jije tout moun sou tè a pa ka nan fè lenjistis.
Deuteronomy 7:9Se pou nou rekonèt Seyè a, Bondye nou an, se sèl Bondye ki genyen, sèl Bondye k'ap toujou kenbe pawòl li. Wi, l'ap toujou kenbe kontra li pase a. L'ap toujou renmen moun ki renmen l', moun ki fè tou sa l' mande yo fè, de pitit an pitit, pandan mil jenerasyon.
Deuteronomy 32:15Pitit Jakòb yo manje plen vant yo! Yo vin gra, y'ap pete nan po yo, yo konmanse voye pye. Yo voye Bondye ki te fè yo a jete. Yo vire do bay Bondye ki t'ap pwoteje yo a, Bondye ki te delivre yo a.
Deuteronomy 32:30Kouman ou ta vle pou yon sèl grenn lènmi fè mil ladan yo kouri, pou de grenn lènmi fè dimil ladan yo kraze rak? Se sèlman paske Seyè a lage yo, paske moun ki te konn pwoteje yo a vire do ba yo.
2 Samuel 22:2Li di konsa: -Seyè, se ou menm ki twou wòch kote m' kache a. Se ou menm ki sèvi m' ranpa. Se ou menm ki delivre m'.
2 Samuel 22:47Konpliman pou Seyè a! Lwanj pou moun ki pran defans mwen an! Se Bondye ki delivre m', se li menm ki pwoteje m'. Ann fè konnen jan li gen pouvwa!