2 Samuel 22:34
Li asire pye m' tankou pye kabrit, li fè m' mache sou mòn yo san m' pa tonbe.
Bib La
In The King James Version
He maketh my feet like hinds feet: and setteth me upon my high places.
In Context
33Se Bondye ki pwoteje m' avè fòs li. Li fè m' mennen yon lavi san repwòch.
35Li moutre m' jan pou m' goumen. Li ban m' fòs pou m' sèvi ak pi gwo banza ki genyen.
Cross References
Deuteronomy 32:13Li fè yo mache an grannèg sou tèt mòn peyi a. Li fè yo manje grenn bwa nan savann. Yo jwenn siwo myèl nan tou wòch pou yo bwè. Pye oliv yo donnen nan wòch karyann.
2 Samuel 2:18Tou twa pitit gason Sewouya yo te la. Se te Joab, Abichayi ak Asayèl. Asayèl te konn kouri, ou ta di yon ti kabrit mawon.
Isaiah 33:16Se moun konsa ki pral rive nan lavi. Tankou yon moun ki nan yon gwo fò byen wo, anyen p'ap rive l': l'ap toujou jwenn manje pou l' manje ak dlo pou l' bwè.
Habakkuk 3:19Se Seyè a ki tout fòs mwen. Li asire pye m' tankou pye kabrit. Li fè m' mache sou mòn yo, san m' pa tonbe. Pou chèf k'ap dirije moun k'ap chante yo.